Fenomèn vòlè tè an Ayiti kreye plis vilnerabilite klimatik ak vyolans sou fanm

USAID Haiti / David Rochkind

USAID Haiti / David Rochkind


“Bay yon moun tè ki deja fin gen kòb pou fè kapital li fè tiyon (ogmante kapital li) pa p itil nou nan anyen. Paske pwodui a pa p vann nan kominote a, se pou ekspòte li ye… chak moun te pran yon pòsyon ladann pou plante diri, pwa kongo ak lòt pwodui. Sitiyasyon sila gen anpil enpak sou nou ak fanmi nou,” Esther Jolissaint te souliyen, yon manm òganizasyon ki rele Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA).

Pawòl sa a soti nan yon dokiman manm Global Justice Clinic NYU yo, pami yo mwen menm, te fè ansanm avèk SOFA nan mwa mas 2022 pou remèt Rapòtè Espesyal Nasyonzini sou vyolans sou fanm ak tifi. Deklarasyon Jolissaint an konsène espesifikman vòlè tè ki te fèt nan lane 2020 sou lekòl feminis agwo-ekolojik SOFA genyen nan Savàn Dyàn, nan zòn sant peyi Dayiti (pi espesifikman nan Latibonit). Sepandan, li aplikab pou tout kalite enpak vyolan vòlè tè genyen sou fanm ak sou anviwònman an, swa an Ayiti oswa nan lemonn antye. Rapòtè Espesyal la pral prezante rapò li devan Asanble Jeneral Nasyonzini nan mwa septanm sa a. 

Chanjman klimatik afekte fanm peyizan nan fason demizire. Youn nan kòz reyalite sa a se paske pa gen yon aksè egal ego sou tè yo ni sou kontwòl tè yo. Yo sibi efè kriz klimatik yo pi rèd: yo konn pèdi kay yo, jaden yo, ak jan yo te konn chèche lavi. Fenomèn vòlè tè an Ayiti se lakòz fanm sibi plis vyolasyon dwa anviwònman ak dwa fanm, epi li fè vilnerabilite klimatik la vin pi grav, nan yon kontèks kote moun deja ekstrèmeman vilnerab devan chanjman klimatik.

Vòlè tè SOFA nan Savàn Dyàn mete aksan sou fenòmèn sila yo ki makonnen ansanm. SOFA se yon òganizasyon ayisyen ki chita sou feminis, ki gen apeprè 10.000 manm nan tout peyi a. 80% nan fanm sa yo se peyizan. Pandan trannsis lane, SOFA ap travay sou vyolans sou fanm; patisipasyon politik, sante, ak otonomi pou fanm yo; epi dwa anviwònman. Nan lane 2017, leta ayisyen te bay SOFA 13.75 ekta tè nan Savàn Dyàn pou kore aktivite yon lekòl feminis òganizasyon an te jere ki bay fòmasyon sou kiltivasyon biyolojik. La a, SOFA te bay 300 peyizan – pifò ladan yo te fanm – fòmasyon sou dwa tè, souverènte alimantè, ak pratik agwo-ekolojik ki pèmèt yo gen rezilyans devan chanjman klimatik.

Lè SOFA te itlize tè Savàn Dyàn nan fason dirab, sa pa t sèlman pwodui manje pou kominote a nan zòn sa a, men pou lòt zòn peyi a tou. Ayiti fè fas ak yon pwoblèm sekirite alimantè ki grav anpil, men, jan Jolissaint te souliyen li menm, “kiltive tè a se lite kont grangou, eksplwatasyon, ak manje ki soti lòt bò dlo.”

Sepandan, nan lane 2020 an, enstans piblik ak prive, ki sanble te mare sosis yo, te kraze kloti lèkòl la epi fòse manm SOFA yo kite tè yo. Yo fè sa sistematikman, avèk anpil vyolans. Konsa, yo te fòse SOFA abandonnen zòn nan pou yon gwo konpayi agwo-endistryèl ki rele Stevia Agro Industries S.A., ki plis chita sou ekspòtasyon, te ka pran tè a. Se yon gwo biznismann ayisyen ki rele André Apaid ki chèf konpayi a. Nan 2021, ansyen prezidan Jovenel Moïse te ratifye espwopriyasyon tè sa a pa dekrè. Li deziyen 8.600 ekta tè – tè SOFA te ladan l – kòm yon zòn franch pou agwo-endistri. Lefèt ke deplasman sa a te fèt pandan yon pandemi ki agrave enskirite alimantè fè vyolans sa a pi rèd ankò.

Chanjman klimatik afekte fanm peyizan nan fason demizire. Youn nan kòz reyalite sa a se paske pa gen yon aksè egal ego sou tè yo ni sou kontwòl tè yo.

Vòlè tè Savàn Dyàn nan reprezante pa sèlman yon seri enstans pisan k ap pran tè yon òganizasyon feminis pou reyalize pwòp fen pa yo – yon bagay ki fèt souvan pandan Moïse te sou pouvwa. Li gen replik k ap anpile youn sou lòt. Lè fanm peyizan yo, ki enpòtan anpil nan batay kont chanjman klimatik, pèdi jan yo te konn chèche lavi yo, yo vin pi vilnerab devan lòt kalite vyolans. Fanm ki te etidyan SOFA yo pèdi otonomi ekonomik ak fòmasyon agwo-ekolojik ki te pèmèt yo fè kiltivasyon ki rezilyan devan chanjman klimatik. Kèk fanm ki te pèdi tè yo te obije chèche travay nan Stevia Industries. Yo di sipèvizè yo konn eksplwate yo, fè yo sibi vyolans seksyèl pou yo ka jwenn travay, san yo pa gen okenn garanti anplwa oswa yon salè ekitab.

Devlòpman endistriyèl Savàn Dyàn nan ap kreye plis mizè ak plis ensekirite alimantè. Sosyete sivil konstate pwojè sa a pral fè dega sou anviwònman zòn nan, agrikilti, biyodivèsite, ak zannimo yo. Li pral entwodui angrè ak pestisid ki malfezan, ansanm avèk pratik jesyon dlo ki gaspiyè. Pwojè a aji sou aksè ak dlo tou: dapre moun nan zòn nan, zòn franch lan gen twa gwo rezèvwa dlo ladan l, ki te konn estoke dlo potab pou moun nan peryòd sechrès. Kounye a, malgre y ap fè fas ak yon kriz dlo, moun nan zòn nan pa gen aksè ak rezèvwa sa yo ankò.

Savàn Dyàn se jis yon grenn egzanp ki montre jan yo konn fòse peyizan deplase, pou lelit yo ka rejwi an Ayiti. Malgre yo te asasinen Moïse nan mwa jiyè 2021, pati politik li a toujou sou pouvwa, kidonk li pwobab pou vòlè tè a kontinye. An Ayiti, fòk nou konprann vòlè tè sa yo se yon ekspresyon modèn menm sistèm peze-souse rasyal ki egziste depi tan lakoloni. Epi depi endepandans Ayiti a, kèk fanmi pisan asire tè a rete nan men yon ti ponyen moun. Youn nan bagay ki fasilite sistèm sa a se mank achiv fyab. Rejis nasyonal la kouvri mwens pase 5 pousan teritwa Ayiti a. Jiska detyè tè riral pa gen okenn tit pwopriyetè fòmèl. Konsa, peyizan yo, sitou fanm peyizan yo, vilnerab anpil pou lòt moun pran tè yo ki deja pa anpil. Sa lage yo de bra pandye nan yon sitiyasyon ki prekè anpil. 

Anplis, li pwobab pou kriz klimatik la ak ratman resous ki makonnen avèk kriz la pral lakòz gen plis vòlè tè. Vòlè tè gendwa agrave enpak klimatik tou, an pati paske vòlè tè konn ranplase pratik kiltivasyon lokal ki dirab avèk agwo-endistri ki konn kiltive yon sèl grenn rekòt. Sa degrade anviwònman an.

Souvan, vòlè tè an Ayiti gen pou wè ak vyolans sou fanm, ki ranfòse inegalite ant sèks yo epi gen ris pou yo agrave degradasyon anviwònman ak vilnerabilite klimatik ki deja rèd. Dosye Savàn Dyàn montre sa klè kou dlo kòk. Pandan Rapòtè Espesyal la vanse sou analiz l ap fè sou rapò ant sèks moun ak klima a, fòk vòlè tè resevwa plis atansyon ak kondanasyon onivo entènasyonal.