Kolonyalis ak esklavaj te kreye enjistis rasyal pèsistan; twa fenomèn sa yo jwe yon gwo wòl nan jan moun sibi domaj klimatik nan fason enjis ak inegal. Enjistis rasyal chita nan nannan kriz klima a; sa sijere gen opòtinite pou kolaborasyon ant defansè k ap revandike jistis klimatik ak mouvman k ap revandike reparasyon pou kolonyalis ak esklavaj, kote youn ka ranfòse lòt. Ayiti ilistre koneksyon sa yo.
Nan tout mond lan, peyi ki te sibi kolonizasyon sistematikman pi vilnerab anfas dezòd klimatik pase peyi ki te kolonize yo – epi peyi ki pa t ni kolon ni kolonize tonbe ant de ekstrèm sa yo.
Chanjman klimatik gen rasin nan kolonizasyon, epi sa fonksyone nan divès fason. Kolonyalis ak ak esklavaj te fè peyi kolon yo rich anpil. Vyolans ak estraksyon sa te pèmèt peyi kolon yo akimile richès, ki te alimante Revolisyon Endistriyèl la, e pakonsekan sa te alimante gaz efedesè peyi Nò yo t ap emèt. Li te kreye tou yon modèl ekonomik mondyal ki chita sou estraksyon resous nan peyi Sid yo, ki kontinye agrave inegalite ak kriz klima a jis jounen jodiya. Nan menm tan, kolonyalis, ansanm avèk dinamik neyokolonyal ki te vini aprè dekolonizasyon fòmèl, te rann peyi kolonize yo pi pòv, degrade anviwònman peyi sa yo, epi manje otorite peyi sa yo: tout sa se faktè ki alimante vilnerabilite klimatik.
Kolonyalis, esklavaj, ak ekonomik estraktivis yo lakòz chita sou yerachi rasis. Rasis estriktirèl sa a toujou la jodiya, epi li rann sètèn popilasyon pi vilnerab anfas chanjman klimatik pase lòt popilasyon. Jan ansyen Rapòtè Espesyal sou Rasis nan Nasyonzini souliyen, kriz klima a se yon kriz jistis rasyal.
Ayiti: yon ka ki ilistre fenomèn nan
Pa gen anpil kote ki demontre si klè pase Ayiti jan enjistis klimatik ak enjistis rasyal makonnen. Yo konn site Ayiti souvan kòm youn nan peyi ki pi vilnerab anfas chanjman klimatik nan mond lan. Se vre, Ayiti se yon ti zile nan Karayib ki chita nan yon zòn ki gen anpil siklòn, men jewografi pou kont li pa kapab eksplike sa k fè pèp ayisyen si vilnerab anfas domaj klimatik.
Pandan kat (4) lane pase yo, Global Justice Clinic (Klinik Jistis Mondyal) nan NYU Law (Fakilte Dwa Inivèsite Nouyòk) ansanm avèk The Promise Institute for Human Rights (Enstiti Promise pou Dwa Moun) nan UCLA Law (Fakilte Dwa Inivèsite Kalifòni Los Angeles), sou direksyon epi an kolaborasyon avèk òganizasyon jistis sosyal ayisyen, ap fè rechèch sou kriz enjistis klimatik an Ayiti. Rechèch nou, ki te soti an desanm 2024, fè limyè sou kòman kolonyalis ak politik etranje rasis te estriktire vilnerabilite klimatik Ayiti a. Li sijere tou kòman ta ka gen ranfòsman mityèl ant mouvman pou jistis klimatik ak mouvman pou reparasyon pou kolonyalis ak esklavaj.
Ranson endepandans Ayiti a
“Ranson endepandans” Ayiti te peye Lafrans kapab montre pi klè pase tout lòt bagay jan vilnerabilite klimatik Ayiti a makonnen avèk enjistis rasyal l ap viv jiskaprezan. Nan lane 1804, Ayisyen te pran endepandans anba kolon fransè yo. Konsa yo te libere tèt yo anba youn nan sistèm esklavaj ki pi brital nan tout istwa. Ayiti se sèl peyi nan mond lan ki fèt kòm rezilta yon revolisyon esklav ki te reyisi, epi se premye repiblik nwa nan mond lan. Men gwo pisans mondyal yo te pè reyisit sa a, paske yo te panse sa ta kapab pouse lòt pèp ki te nan esklavaj revòlte; konsa, yo te izole Ayiti diplomatikman epi yo te bay li pinisyon ekonomik. Nan 1825, sou menas yon lòt envazyon, Ayiti te asepte pou li peye Lafrans yon “ranson endepandans”: Ayiti te asepte yon endamnite finansyè pou Lafrans ta rekonèt li onivo diplomatik. Ranson sa a, ansanm avèk tout dèt Ayiti te asime pou li peye ranson an, koute peyi a omwen $21 milya nan kòb aktyèl. Gen kèk ekonomis ki estime total la gendwa rive $115 milya.
Lane sa a, 2025, ap fè 200 lane depi yo enpoze ranson endepandans lan. Efè ranson an kontinye ap enstriktire jan Ayiti viv domaj klimatik. Ranson an te kenbe Ayiti nan yon sik dèt li te resi fin peye nan lane 1947. Li te trangle ekonomi Ayiti a epi li te anpeche envestisman ki ta kapab bay peyi a plis rezilyans klimatik. Pa egzanp, nan fen 19yèm syèk/debi 20yèm syèk la, lòt peyi nan rejyon an t ap envesti nan travo piblik ki esansyèl pou rezilyans klimatik, tankou sistèm egou, enfrastrikti dlo, ak sistèm sante piblik. An Ayiti, yo te itilize 80% revini fiskal yo t ap fè sou kafe, ki te ekspò pi enpòtan peyi a, pou peye dèt la. Jodiya, Pòtoprens se youn nan pi gwo vil nan mond lan ki pa gen okenn sistèm egou santralize. Sa ogmante move enpak lè gen gwo lapli, sitou nan zòn ibèn yo.
Demann reparasyon: opòtinite pou youn ka ranfòse lòt
An Ayiti, gen demann ki la depi lontan epi k ap monte pou peyi a jwenn reparasyon epi pou Lafrans remèt Ayiti ranson endepandans lan. Lè nou analize rasin enjistis klimatik an Ayiti, sa ranfòse demann sa yo. Reyalite enjistis klimatik Ayiti a souliyen jan domaj klimatik pèp ayisyen ap konfwonte se, omwen an pati, prèv enpak eksplwatasyon rasyal istorik ki toujou la. Sa ranfòse demann pou reparasyon ki egziste, epi sa rann yo pi ijan ankò. Nan menm tan, si yon demann pou reparasyon pou Ayiti vanse, sa ta yon demach enpòtan pou jwenn resous peyi a bezwen anpil pou li adapte epi vin pi rezilyan anfas dezòd klimatik. Sa pi enpòtan ankò paske finansman pou adaptasyon klimatik ak pèt ak domaj atravè CCNUCC a pa sifizan, epi yo toutaklè pa fèt pou yo reponn ak enjistis ki nan nannan kriz klimatik mondyal la.
Sa pa vle di mobilizasyon pou reparasyon klimatik dwe absòbe mouvman pou reparasyon pou enpak malfezan sistèm kolonyalis, swa an Ayiti swa nan lòt peyi. Kèk moun k ap vanse ajannda reparasyon an veyatif pou sa, avèk rezon. Gen efè malfezan espesifik ki soti nan kolonyalis, esklavaj, ak lòt enjistis rasyal istorik ki pa liye direkteman avèk kriz klimatik aktyèl la. Anplis, gen agiman moral ak jiridik pou reparasyon klimatik ki endepandan, ki chita sou emisyon efedesè istorik ak aktyèl.
Olye de mete tout kesyon nan yon sèl panye, analize istwa komen ki deklanche demann pou reparasyon souliyen opòtinite pou chak nan mouvman sa yo ka ranfòse lòt. Pa egzanp, enstans pèmanan nan Nasyonzini sou moun ki gen orijin an Afrik kòmanse mete kesyon enjistis klimatik nan analiz ak rekòmandasyon l ap fè sou reparasyon. Agiman ki chita sou dwa moun pou detèmine ki obligasyon yon seri peyi genyen pou kriz klimatik la kapab bay leson sou jefò jiridik pou jwenn reparasyon pou domaj kolonyal. Vanse yon pwojè reparasyon se yon kokennchenn batay k ap pran pye nan tout Karayib la epi onivo mondyal. Mouvman ak defansè k ap revandike reparasyon ak jistis klimatik kapab gen yon ranfòsman mityèl atravè kolaborasyon, echanj leson, epi nan eksprime jan demann yo makonnen nan mobilizasyon piblik, pledwaye, negosyasyon politik, ak taktik litij ki posib.
Ayiti souliyen posiblite sa yo. Nan plizyè sans, li se yon ka egzanplè ki ilistre enpòtans reparasyon. Si nou rive vanse reparasyon pou Ayiti pou reponn ak gwo enjistis klimatik ak rasyal Ayisyen ap afwonte, sa kapab yon egzanp pozitif n ap trase pou peyi nan tout Karayib la. Kòm lane 2025 make 200yèm anivèsè ranson endepandans Ayiti te peye a, li lè li tan pou nou vanse batay sa a.
Atik sa a chita sou rapò ki rele Bay kou bliye, pote mak sonje: Enjistis klimatik an Ayiti ak demann reparasyon. Global Justice Clinic nan NYU School of Law ak Promise Institute for Human Rights nan UCLA School of Law te soti rapò sa a nan mwa desanm 2024.