Inondasyon ki te fèt dènyèman nan Pòdpè souliyen dezòd klimatik kòm yon pwoblèm ijan ki gen enpak inekitab an Ayiti

Credit: Sherwanda Maxime

Pandan solèy t ap kouche kèk jou anvan fèt Nwèl 2024 lan, yon gwoup moun te kole kò yo pou obsève yon dlo ki t ap file desann nan yon ti riyèl jennen. Dlo sa a te bwote machinn ak pyebwa ale. Mwen menm, Sherwanda, m te youn nan moun ki te la yo. Aprè plizyè jou gwo lapli, te gen yon avès ki te pi gwo ankò, ki te kreye yon lavalas ki te fè rivyè ak kanal yo debòde. Sa te kreye yon nouvo katografi idwolojik pou Pòdpè, Ayiti. Nou menm – manman ak papa ak timoun ki te nan konje, machann ki t ap soti nan mache, ak lòt moun ki t ap antre lakay yo aprè yo fin travay – t ap tann bò larivyè pandan plizyè èdtan. Lè dlo a te fin desann, nou te relye bra nou pou fè yon gwo chèn. Nou te mete timoun yo sou zepòl nou, epi granmoun andikape yo sou do nou; konsa nou te travsèse rivyè a tou dousman. Sou lòt bò a, moun t ap rann kont yo te lage de bra pandye, paske dlo a te bwote tout ti chimen pou monte mòn kote anpil moun ap viv. Lannwit sa a, plizyè milye moun te dòmi ala bèl etwal nan Pòdpè, sou tèt kay inonde, kay moun yo pa t konnen.

Pòdpè se vil prensipal depatman Nòdwès la, ki se sèl depatman nan dis depatman peyi Dayiti ki pa gen yon grenn ri pave nan kapital la. Izolasyon Pòdpè a pa toujou yon move bagay. Pandan bandi ap vale teren nan Pòtoprens ak zòn anviwonnan yo, moun Pòdpè yo pa viv laterè anpil Ayisyen viv pandan y ap eseye chèche lavi. Nan menm tan, lefèt ke Pòdpè se yon zòn ki rekile vle di yo pa jwenn anpil resous, oswa yo pa jwenn resous ditou, nan men leta santral la, menm lè gen katastwòf natirèl.

Inondasyon Pòdpè a ilistre sa Ayisyen rele “dezòd klimatik” – chanjman klimatik ki gen efè enprevizib, enjis, ak devastatè. Li montre jan evènman klimatik estrèm a katastwòf klimatik se yon fado pou fanm ayisyen, ki gen tout tach menajè ak responsablite ekonomik sou do yo, epi ki se moun ki premye entèvenan pou pran swen viktim yo. Inondasyon an demontre poukisa aksyon lokal ak mondyal se yon bezwen ki ijan: fòk lidè ayisyen edike kominote yo sou kisa dezòd klimatik la ye ak kote li soti; fòk peyi Nò yo fè fas ak – epi fè penitans pou – plizyè santèn lane dèt ak politik etranje ravajè ki alimante vilnerabilite klimatik aktyèl Ayiti a. 

Òganizasyon nou yo, SOKIJA (Sosyete Kiltirèl Jen Ayisyen) ak Global Justice Clinic nan NYU School of Law (GJC, Klinik Jistis Mondyal nan Fakilte Dwa Inivèsite Nouyòk), etidye dezòd klimatik ak kòz fondalnatal li yo. An fevriye 2025, GJC ak The Promise Institute for Human Rights nan UCLA Law (Enstiti Promise pou Dwa Moun nan Fakilte Dwa Inivèsite Kalifòni Los Angeles), ansanm avèk òganizasyon jistis sosyal an Ayiti, pami yo SOKIJA, te soti rapò nou, Bay Kou Bliye, Pote Mak Sonje: Enjistis Klimatik an Ayiti ak Demann pou Reparasyon, an kreyòl. Rapò sa a rezime domaj klimatik an Ayiti nan prezan epi nan lavni, rasin vilnerablite klimatik Ayiti a—kolonyalis, dèt, ak rasis k ap kontinye jiskaprezan—epi jan òganizasyon kominotè ap afwonte dezòd klimatik.

Dezòd klimatik deja ap fè gwo dega an Ayiti

Ayiti, ki se sa yo rele yon “petit État insulaire en développement” an fransè (yon ti peyi ki toujou ap devlòpe ki sou yon zile) ki apeprè menm gwosè eta Masatchousèt, se youn nan peyi ki pi sibi move konsekans chanjman klimatik, malgre li pa kontribye anpil nan aktivite ki lakòz dezòd klimatik, epi li pa benefisye anpil ekonomikman. Inondasyon Pòdpè, ki se rezilta lapli ki te tonbe nan sezon ive, pa nan sezon lè konn gen siklòn, te touye omwen 13 moun. Li te kraze dèsantèn kay. Li te inonde dèmilye kay ak komès. Otorite nan zòn nan te deklare yon eta dijans pandan twa mwa.

Fanm yo sou premye liy

An Ayiti, menm jan ak anpil peyi nan mond lan, evènman klimatik ekstrèm plis mete lavi fanm ak timoun tèt anba. Aprè inondasyon Pòdpè a, anpil timoun toujou pa ka ale lekòl paske bilding yo inonde oswa wout yo pa pasab ankò. Moun k ap viv nan zòn nan fè konnen gen plis dyare, lafyèv, ak maladi respiratwa akòz dlo sal ki chaje ak dega. Madan sara se youn nan popilasyon ki plis sibi move konsekans dezòd klimatik. Madan sara yo se kò kay; yo gen tout responsablite ekonomik ak byennèt kay la sou do yo. Anplisdesa, yo depann sou pwodiksyon agrikòl, epi dezòd klimatik ap kraze pwodiksyon sa a. Yo depann sou wout ak chimen ki konekte jaden yo ak mache yo, men evènman klimatik ekstrèm ka bwote wout sa yo ale.

Souvan se fanm yo ki premye entèvenan lè gen yon katastwòf klimatik. Yo pran swen timoun ki pa ka rive lekòl, oswa timoun ki gen maladi akòz inondasyon an. Yo louvri pòt yo pou etranje ka jwenn refij ladan. Yo degaje yo bay fanmi yo lamanjay, menm lè tè a twò detranpe pou l bay. Lè mwen menm, Ellie, t ap viv Ayiti soti nan lane 2011 rive nan lane 2017, mwen te viv jenewosite ak swen kolektif sa a pèsonèlman. Mwen te fè plizyè semèn chak lane nan depatman Nòdwès la, kote mwen te tande eksperyans moun ki t ap viv nan kominote kote konpayi minyè ameriken ak kanadyen t ap chèche lò. Pandan youn nan vizit sa yo, nan lane 2014,  kolèg mwen yo avè m te soti yon kominote kote konpayi Newmont te fouye rigòl epi pran echantiyon tè pou wè si te gen metal ladan l. Altitid la, fredi, ak yon lapli san rete te fè m tranble. Nou te kanpe pou pran refij anba galri yon fanmi. Ti granmoun ki te viv nan kay la – yon fanm ak yon gason – te akeyi nou. Dam nan te soti yon bèl wòb long, avèk yon pakèt volan sou li. Se wòb li te konn mete pou l al legliz. Li te ensiste m dwe mete wòb la pou m te tounen lavil a pye, pou m pa t twò frèt. Se swen kolektif ki pèmèt kominote sa yo siviv. 

Fè fas ak dezòd klimati, an Ayiti epi nan lòt peyi

Apati mi janvye 2025, gouvènman santral Ayiti a pa bay Pòdpè senk kòb pou finanse operasyon sekou. Nan absans èd ak kowòdinasyon leta, Ayisyen pataje sa yo genyen epi yo jwenn fason kreyatif pou yo degaje yo. Jan rapò nou a eksplike, Ayisyen adapte ak klima enprevizib sa a atravè agwoekoloji, fasilite sivi peyizan yo atravè ekonomi solidarite ki se konbit la, epi pwoteje forè ak lòt ekosistèm enpòtan avèk pwòp men yo. Òganizasyon mouvman sosyal ayisyen mande chanjman estriktirèl tou, pou vanse jistis anviwònmantal ak ekonomik, defann dwa fonsye peyizan yo, epi anpeche endistri minyè mete pye an Ayiti. 

GJC ak Promise Institute te konkli kominote ayisyen bezwen teknoloji ak zouti, kowòdinasyon santral, ak yon flo resous pou sipòte jefò adaptasyon debaz, jan Chapit III Bay Kou Bliye, Pote Mak Sonje montre. Yo bezwen enfòmasyon, tou. Pandan dezòd klimatik ap fè ravaj sou sezon yo, inonde kay, epi fòse dèmilyon moun swe akòz gwo chalè, anpil Ayisyen panse se peche yo oswa erè yo ki lakòz tout sa. Sherwanda konstate moun Pòdpè parèy li yo te panse vil la te inonde paske yo pa t fete Fèt Imakile Konsepsyon jou 8 desanm nan, yo te pito fete l 7 desanm, ki te yon jou samdi. Moun yo manke eksplikasyon syantifik; gen mitoloji ki parèt nan plas vre eksplikasyon an. Sa fè moun yo gen plis krent, epi yo santi yo de bra pandye anfas enpak dezòd klimatik.  

Malgre rapò a eseye bay enfòmasyon enpòtan moun pa ka jwenn lòt kote, se pa atravè yon rapò nou dwe kominike avèk kominote ayisyen k ap viv nan zòn riral yo, kote moun plis tire kont pou pataje epi aprann enfòmasyon. Fòk gen edikasyon popilè pou ede moun konprann sa dezòd klimatik ye epi pou ankouraje mobilizasyon kominotè. SOKIJA itilize rechèch GJC ap fè sou dezòd klimatik ak kòz fondalnatal li yo pou fè fim tou kout epi spòt yo difize sou radyo, nan WhatsApp, epi nan reyinyon kominotè. An echanj, SOKIJA pataje avèk GJC sa yo aprann ak sa yo obsève nan kominote k ap viv dezòd klimatik chak jou; sa enfliyanse kesyon GJC ap poze nan rechèch li. SOKIJA ak GJC kwè yon piblik ki gen bon jan konsesans pral mande leta ak aktè entènasyonal yo bay kominote jarèt pou yo ka adapte a dezòd klimatik epi redui konsekans ki pi grav yo. 

(CC: Sherwanda Maxime)

Reparasyon

Jan Bay Kou Bliye, Pote Mak Sonje demontre, se aktè ki pa an Ayiti ki pi responsab enjistis klimatik, epi ki gen plis resous pou yo fè reparasyon pou enjistis klimatik. Gouvènman peyi Nò yo ak konpayi ki chita nan peyi Nò yo te kreye kriz klima a, epi peyi Nò yo, prensipalman Lafrans ak Etazini, te fè Ayiti pòv. Gen jefò k ap fèt onivo lokal pou adapte a yon klima k ap chanje, redui konsekans ki pi grav yo, epi pran swen kominote yo lè gen katastwòf – jefò sa yo remakab, men yo p ap janm ase. Pou reponn ak kòz fondalnatal vilnerabilite klimatik Ayiti yo, sa mande reparasyon. Lane sa a, 2024, se 200yèm anivèsè dat Ayiti te kòmanse peye Lafrans dèt la—sa k rele “ranson endepandans” lan. Òganizasyon mouvman sosyal an Ayiti ap mobilize pou yo mande reparasyon pou diskriminasyon ak eksplwatasyon yo sibi pandan plizyè jenerasyon. Fòk alye nan peyi Nò yo pote kole avèk yo pou rann pwojè sa a yon posiblite onivo kiltirèl, jiridik, ak politik.